Hook
Mwen gen de bèl modèl mare tèt ou kapab fè ki vrèman klasik, ki vrèman wow. Mwen toujou di sa, depi se fanm ou, ou pa kapab pa renmen bèl bagay, ou pa kapab pa renmen bon bagay. Menm si ou se yon moun ki pat konn mare tèt, mwen garanti ou apre ke ou fin gade videyo sa, ou pral eseye fè youn nan modèl sa yo pou wè kòman l ap sòti, kòman l ap fè w byen, paske yo vrèman bèl. Ou kapab fè l menm si ou mete les, menm si ou mete alonj, e se pa tout lè ou mete les ou mete alonj. Donk mare tèt sa yo ap vrèman itil ou, y ap vrèman bon pou nenpòt okazyon paske yo trè klasik, yo trè senp. Si ou se yon gason tou ou tonbe sou videyo sa, pataje l avèk yon fi. Di m nan kòmantè a medam, èske nou renmen modèl mare tèt sa? Pataje l avèk zanmi nou yo pou yo kapab jwenn li, epi abone pou pa rate lòt videyo lè mwen lage l. Sa se dezyèm modèl la. Yo trè fasil pou fèt. Mete videyo sa nan favori ou lè w ap fè modèl yo si w bliye kòman pou fè yo, pou kapab retounen gade videyo sa. Pa bliye ban m avi pa w nan kòmantè a, di m kiyès nan de modèl yo ke w plis renmen. Gade rezilta a ansanm avèk mwen. Li trè senp, trè klasik.
More breakout videos from this creator.