Hook

Their other posts in the index, biggest breakout first.
Ou sipoze f feather atansyon a sa wap mande BonDye Ou gen dwa ap priye la Epi w di BonDye tanpri ban mwen pasyans Banm pasyans poum afronte difikilte nan lavi m Rete w rete Ou nan travay chef travay ap pale avèw mal Ou gen yon ti biznis... kliyan vini ap diw move pawòl yap derespekte w BonDye mete w nan deseri sitiasyon pou teste pasyans ou Ki pou mete pasyans ou nan dènye limit li sa ki vin pase kounya... Rete w rete, ou wè wap kiltive sa ki rele pasyans Ou gen pasyans a tout bagay Konsa tou ou ka ap priye... Epiw di BonDye... Tanpri elimine doulè nan lavi m Retire tout soufrans mwen yo Epi boum... Rete w rete li pran yon moun ki te chè nan lavi w Yon moun ki te enpòtan pou ou Doulè sa ou te genyen an miltipliye pa 100 Ou paka touye tèt ou Ou simonte moman sa yo Ebyen sa ki vin pase Ou wè ou vin di tankou yon asye Pa gen anyen ki ka brize w ankò Pa gen anyen ki ka fè w kriye ankò Paske w konn sa ki rele vrè soufrans lan Bondye te pase w eprèv sa yo deja Mwen menm nan lavi m M sonje gen yon lè m tap mande Bondye... Tanpri m bezwen kèk mwa poze M pa santi m byen mantalman m bezwen repoze m Retem rete polis vin frape pot kay mwen 2 mwa nan prizon 2 mwa traumatize Se mwen menm ki te mande Bondye poze M pat presize pou li li banm sa m te mandel la Se pou rezon sa yon moun le wap priye... Ou sipoze fe atansyon a sa wap mande BonDye.