La police nan peyi les États-Unis d'Amérique, Indianapolis, rive depoze la pat sou ayisyen sa ki rele T.A.G. Misye ki te ansanm avèk yon fanm, voilà ke yon bon maten, relasyon kraze, li fè chimèl, fanm fè chimèl. Fiy a li menm ki pa deside rete pou kont li, li vin rantre nan yon nouvo relasyon. Misye sèmante li pa p pèdi chouchou nan. S'il pa ka genyen l, pyès moun pa p genyen l. Sèt kesyon pou l tande bagay sa ki te trè dous la, pou gon lòt nèg ki ladan l, l ap dòmi reve fi a toujou, li pa wè lòt moun nan lavi l pou l al fè yon lòt relasyon. Yon bon maten li gon plan k monte nan tèt li. Sa w tande a, li chèche yon zam, li plen la katouch, epi li debake kay menaj la. Lè l rive nan konplèks sa, l monte nan apatman fi a, li pete pòt l antre nan chanm, li jwenn fi a ansanm avèk nouvo boubout li nan chanm nan. Sa w tande a, li rantre, l pale, epi l rale zam li, bla bla bla bla bla. Nouvo menaj fi a blese grav, fi a blese, katouch soti nan apatman, travèse, al pran yon lòt gran moun ki rete nan yon lòt apatman tou pre a. Rapidman, dam nan rele la polis, misye kouri kite apatman, l al kache tou pre nan menm zòn nan, anba yon mache eskalye. Lè la polis rive, anbilans debake, sa w tande a, nèg la ki te blese grav, rapidman kouri pran l, mete sou kabann, foure l nan anbilans, ale lopital. Malerezman, misye te gentan blese grav, li pa chape. Fiy a tou l te blese, men se pa t vrèman grav. Epi, pèsonaj ki tou pre a ki te blese tou, yo ba l swen. Sa k pral pase aprè, la polis kontwole, depi se katouch ki te tire, yo wè te gen 12 bal ki te pati. Lè la polis kontwole, li wè gen 12 bal ki te pati. Nan chèche chèche, yo pral jwenn T.A.G. Lè yo pran misye, yo kòd yo pran direksyon komisarya ansanm avèk li. Nou kapab di l konsa. Lè l rive, pa bliye, y ap pase sou entèrogasyon pou konnen kisa ki nan mayu. Ofisye yo pral kesyone misye, fè a, hm. Chèf la, ou konn sa k pase la? Wi frè m, m te soti kote m soti, m t ale kay dam nan, m te rantre nan chanm nan, m te gen zam, e zam m te gen, e pa pou m te tire non. E pa pou m te tire chèf la. Okontrè, se paske m te kwè nèg fi a vin genyen an, li gen zam ki fè m tala zam nan. Men bal yo ki pati, to to to to to to to, ki touye a, se pa mwen menm. Se zam nan ki jis deklanche, m pa konn anyen nan lanmò sa son son. Kounya la, medam matmwazèl, mesye, aprè 48 èdtan, ou konnen kòman l oye, fòk ou pase devan jij. Lè l fin pase devan jij, misye ki gen sou do l, asasinay, tantativ asasinay. Jij la pran desizyon, mete misye yon kote, menm s'il ta genyen des millions de dollars, pa libere l sou kosyon, kite l la pou jiskaske jijman l fèt pou konnen ki kantite tan l ap pase.