Hook
Mwen gen yon video trapel mwen ki fe konnen ke moun yo reporte match yo. Yo voye report paj la. Trapel mwen pa bay moun yo verite a jan li ye, oke? Papye yo te voye ba ou a se pa yon papye dwa difizyon ki te. Nou piti tout, trapel mwen, ou pa gen kòb pou achte dwa difizyon. Oke? Minimum pou achte yon dwa difizyon, fòk ou ta gen omwen 1 milyon dola. Gen yon youtuber la, 4 an anvan koup di mond lan, youtuber sa t ap eseye achte yon dwa difizyon koup di mond lan, oke, pou preske 2 milyon dola, yo pa aksepte l. Trapel mwen, ou konprann? Bon, sa vle di ki jan m pa t li dokiman an byen, anfen de kont, banm ba ou kòman li ye. Moun ki gen dwa difizyon, pa bay match la jan ke ou t ap bale sou TikTok la. W ap agrandi ekran an jis pou logo a kapab parèt. Epi, pitit, non plis tou. Si ke Fox ba w dwa difizyon, oke, ou t ap bay, oke, ou t ap afiche ekran match la an tout entegralite. Ou agrandi pou logo a kapab parèt, jis ke pou ti TikTok kapab detekte jan de ti detay sa yo. Trapel mwen, trapel mwen, banm moun yo verite a jan li ye. Mwen tande ke ou pral, oke, bay match la sou yon dezyèm paj. Dezyèm paj sa, menm 20 minit match la w ap ka bay ladan l. Paske ou pa gen dwa difizyon vrèman vre, trapel mwen. Oke, mwen konnen ke anpil nan nou la, nou pral pale, mwen menm se 5 paj. Se 3 paj Facebook, plis 2 paj TikTok, ke yo ban mwen pou mwen bay match. Jou wè ke trapel mwen t ap eseye bay match la. Ou konprann? Mwen menm di w sa, dezyèm paj sa, menm 20 minit match la w ap ka bay.
More breakout videos from this creator.