Hook

Eske se vre depi pwofil WhatsApp moun nan ble se kil bloke w? Eske se vre? Denye jou sa yo gen yon rimè ki fe gwo bri sou rezo sosyal yo. Moun yo ap di, lè ki parèt sou pwofil WhatsApp yon moun lè l pa mete foto, gen yon siyifikasyon espesyal. Yo di ble a moun nan bloke w, wouj la nou pa pale souvan, vè fonse a moun nan pa anrejistre nimewo w, vè pal la nou te konn pale anpil men nou pèdi kontak. Men verite a, WhatsApp pa janm konfime okenn nan bagay sa yo. An reyalite, koulè sa yo se jis koulè WhatsApp chwazi o aza pou moun ki pa mete foto pwofil. Moun nan ka gen yon koulè sou telefòn pa w la epi li gen yon lòt koulè sou telefòn pa yon lòt moun. Kidonk, si w wè yon pwofil yon moun ble, pa panse moun sa bloke w, epi si w wè yon pwofil yon moun wouj, pa panse moun sa fache avè w. Se jis yon koulè WhatsApp mete otomatikman. Yon lòt fwa ankò, pa kwè tout bagay ou wè sou entènèt san w pa verifye. Fem konnen nan kòmantè ki sa w te kwè avan? Eske w te panse koulè sa yo vre gen yon siyifikasyon? M ap tann repons ou, mèsi.
Their other posts in the index, biggest breakout first.