We didn’t find a product being promoted in this video. Its hook, format and structure below still show why it took off.
Browse products winning on TikTokThe video's success likely stems from its raw emotional honesty and relatable theme of loss, combined with a message of faith and resilience, which resonates deeply with viewers.
The creator shares a deeply emotional story about losing their father shortly after a long-awaited reunion in Haiti. The video expresses grief and reliance on faith during this difficult time.
26 Jiyè 2025… ❤️ Apre 7 long ane san papye, Bondye te fè m kado mwen t ap priye pou li depi lontan an: retounen Ayiti pou m te wè fanmi m ankò. Premye moun mwen te kouri pran nan bra m, se te papa m. Mwen sonje tout emosyon anvan vwayaj la… tout preparasyon yo, tout sipriz mwen t ap planifye, tout rèv mwen te genyen pou moman sa a. Mwen pa t janm imajine se t ap dènye fwa mwen t ap wè l vivan. 9 mwa apre… Yo asasinen papa m. Gen kèk imaj, gen kèk nouvèl, gen kèk doulè ki pa janm efase nan memwa yon moun. Sa gen 3mwa depi lavi m pa menm ankò. Gen jou mwen leve epi mwen toujou ap tann pou tout sa a se yon move rèv. Denye semen sa yo pa fasil ditou mwen pedi tout motivasyon mwen. Men nan mitan tout dlo nan je sa yo, gen yon bagay mwen pap janm sispann di: Mèsi, Bondye. Mèsi paske Ou te ban m privilèj wè papa m yon dènye fwa. Mwen konnen anpil moun pa jwenn opòtinite sa a. Pou sa sèlman, m ap toujou rekonesan. Mèsi paske, menm lè kè m kraze, Ou kontinye kenbe m. Mèsi paske Ou ap aprann mwen aksepte volonte Ou, menm lè mwen pa konprann li. Paske verite a se… Mwen pa konnen poukisa sa rive… Men Ou konnen. Mwen pa konprann plan an… Men Ou konprann. Mwen pa wè sa ki devan… Men Ou wè li. Se poutèt sa, malgre doulè a, malgre kestyon yo, malgre vid la, m ap kontinye mete konfyans mwen nan Ou. Gen kèk batay sèlman Bondye ka ede nou travèse. Si ou menm tou w ap viv yon gwo pèt, kit se yon paran, yon pitit, yon zanmi oswa nenpòt moun ou renmen, mwen vle ou konnen ou pa poukont ou. Ou gen dwa kriye. Ou gen dwa poze kestyon. Ou gen dwa santi doulè. Men pa lage men Bondye. Li rete Bondye jistis. Li rete Bondye konsolasyon. Li rete Bondye ki konn geri kè ki kraze. Mwen pa konnen kilè doulè sa a ap vin pi lejè, men mwen konnen kiyès k ap mache avè m pandan tout chemen an. E se sa ki ban m fòs pou m kontinye. 🤍🕊️
26.07.25 God .... 🕊️💔😭🙏
Anticipation of reunion
Joyful reunion with father
Sudden loss and grief
Reliance on faith and testimony
Playing this video’s own audio, so you’ll hear the creator over the sound.
Outliers and viral hits: their videos on Overshot, all time.