Alé, kounya fòk ou soti nan antrepriz la. D'accord, d'accord. M'konprann, epi m'ap eskize m'ankò. Pa enkyete w, ou mèt ale. Arrete! Ki kote w pral ale? Kounya w pral ale, kounya w pral ale konsa? Pa twò rive. Tande m byen, depi patwon an vin poze w kesyon, w'ap jis di l ou pa t bezwen travay la, ou sot demisyone, epi w'ap pral kite antrepriz la, d'accord? Si w pa di sa, l'ap revoke m. Apre sa, ou pap bezwen konte sou mwen pou m fè w jwenn lòt travay. Èske w tande? Wi, m'konprann zanmi m. M'konprann zanmi m. Orange, m'te di w rele zanmi w lan pou mwen depi talè. Poukisa w pran tout tan sa? Epi poukisa l'ap soti deyò? Ki sa w di l menm? Justement, m'te vle pale avè w. Franchement, sa pase nan tèt mwen, paske m'te vle di w sa depi talè a. An réalité, li te vle kite travay la, epi li jwenn yon pi bon travay lòt kote. Pale pou patwon an ka konnen. Pale, pale! Li di patwon an se mwen k'te vle demisyone, pandan se li k'fòse m. Men si m'pale, se li menm k'ap pèdi travay li a. Apre tout sa li fè pou mwen, m'pa gen chwa, m'ap rete fidèl ak zanmi m lan. Wi patwon, m'te vle kite travay la. Li pa fè anyen, ou pa bezwen pini l pou sa. Tout bagay se fòt mwen patwon. Ou sè? Ebyen, pa gen okenn pwoblèm. Si m'poze w tout kesyon sa yo, se paske mwen wè w'ap kriye. M'jis te vle konnen sa k't'ap pase. Bon, d'accord. Si pa gen okenn pwoblèm antre nou, se trè byen. Mwen menm, m'jis renmen lè moun kondwi yo byen, epi onètete tout moun. Wi patwon, li onèt avè m. Epi kòb m'ap touche a, li ban m tout. Li toujou ap ede m ak don li fè m. Se yon bon moun, li merite yon gwo plas. Ebyen, ou jwenn yon pi bon travay? Trè byen, m'konprann ou. Mwen kontan konnen tout bagay klè kounya. M'ap retounen nan biwo m. Sekretè, ki kote w pral la? W'ap kouri konsa? Se nèg k'ap netwaye a wi. Li bliye sivil la. M'pral pote l pou li. Li son ekspè kontab. M'pa konnen poukisa l'ap netwaye atè a. Men yo devan pòt la. Ki sa y'ap di ak patwon an la menm? C'est bon, ou byen jwe wòl la. Pa enkyete w, m'ap rekonpanse w pita. M'ap vin wè w, epi m'ap ba w 20 dola. D'accord, mèsi anpil. Ou jenere kanmenm, men mwen vle di patwon an mwen se yon kontab. Mwen se yon kontab. Fèmen dyòl ou la. Pi gwo janm prononse pawòl sa isit la. Fwote dyòl ou atè. Pi gwo vin kòmanse kreye pwoblèm. Nou pale deja, epi w konnen kisa nou te di deja. Se fini, ou pa gen pou di anyen ankò. M'santi patwon an jenere. Èske w te di l ke mwen se yon ekspè kontab? Paske m'ap travay pou 10 mil, ou ban m 2 mil, ou pran 8 mil. M'trouve sa bizar. Kounya w'ap plenyen? Se mwen, se mwen k'gen tò, mwen jwenn travay pou ou. Bon, mete w deyò isit la. Maman, nou pral wè papa? Wi pitit gason m, nou pral vizite papa. An n al rakonte l sa. Sekretè, ki kote w pral la? W'ap kouri konsa? Se nèg k'ap netwaye a wi. Li bliye sivil la. M'pral pote l pou li. Li son ekspè kontab. M'pa konnen poukisa l'ap netwaye atè a. Tann, ban m wè CV a.