Didjo wi! Didjo pitit gason m. Sa w wè a se pa sa, se yon espò ki konsa bebe. Titem, m ap di papa m sa. Ti bebe m nan, ou pa bezwen di papa w anyen. M ap fè peye pote, men nou pral fè espò tou. L ap achte ti machin ak ti tonton pou ou, dako cheri? Ebyen oke maman, m poko ap di sa kounya. Non Didjo cheri, pa di anyen menm, paske lè ti moun wè yon bagay li pa pale sa, sa fè l gwo gason. Ou pa ta renmen yon gwo gason tankou Didjo ki? Yi, yi maman. Ebyen pa di papa anyen, oke? Oke maman, achte ti to pou mwen. Pa gen pwoblèm, an n al achte l cheri. Bonjou madanm, silvouplè, kòman m kapab ede w? Bonjou wi kòmandan, non se pa anyen, m te pase ofri nou manba. Si nou pa t achte? Alors ou a eskize m si w wè m ri, men se paske m trouve sa yon ti jan dròl pou yon bèl fanm konsa, epi se manba l ap pwomene. Gade jis ki kote w vini ankò. Ebyen se la vi. Jòdi m se la vi sa la, ou pral di m ou pa gen mari? Bon, ou gentan ap doute de mwen. Si m ta di w non, ou pap kwè m. Poutan m pa gen vre. Ki vye sant sa k sou zòrye a? Ou kwè se ta bave Maxo ki ta santi nan eta sa? Ah, si se ta sa, konnen bouch Maxo pa fè konesans ak bòs dan. Fò m mennen envestigasyon sou bòs dan ak slip Maxo, si non Maxo ka rete sou mwen andan kay la la li fè limon. M ap tann li vini pou m swiv papa salòp la. Granmoun toujou di bèl fanm se bèl malè, men sa w panse si m ta pandye malè sa nan kè m? Paske si se pa Bondye ki voye w pou mwen, petèt se sa m pa wè yo. Bon, m pa konnen, m pral panse sou sa. Bèl ti zanj, pa gen panse ankò. Tout desizyon ki pran tan, konnen son avantaj ki pèdi. Kite l lanmou m awoze jaden kè w non ti zanj. An tout ka, m pa konnen. Tout pa konnen se wi ti zanj. A pati de jòdi a ou se madanm kòmandan Fistibal. Ou mèt ban m ti panye manba sa, demen pase pran lajan. Mmm, ebyen mèsi d'avance kòmandan. Lanmou an tèlman fè m avèg, m bliye mande w ki jan w rele. Non, pa m se Asosina kòmandan. Asosina, fòk ou ta ban m yon ti prèv d'amour avan w ale. Prèv d'amour? Ebyen oke kòmandan. Maman, sanble plan mache. Ou pran misye nan sa w te fè pou li a? Joel se ti moun ou ye. M fin regle zafè granmoun mwen. Ou pa gen kesyon pou poze m. Bon m wè w te bo avè l maman. A bò Joel, pase devan ban m, epi Joel depi jòdi a ou mèt ale fè yon ti tan lakay fanmi papa w yo. Lè pou retounen m a di w. M pa ka nan sitirans sa ak Maxo non. Radyo lou kou a 50, epi m pa wè rad peye pote yo lou konsa. An verite m pa kapab ankò. Se pou Maxo degaje l peye yon bon. Si Maxo pa degaje l pran yon bon pou lave rad li yo, m ap dezespere pou li, l ap oblije ale travay tou siré. Paske kote ti m renmen m ka ouvri lestomak mwen anba rad sal. Madam Asel, men mari w wi. Panama m tonbe, panama m tonbe. Sa ki dèyè ranmase l pou mwen. Cheri, se mari w Maxo. M sot touye m tou pase fè pwovizyon, men rès lajan m pote ba ou. Ah! Cheri m konnen w fatige, ban m al kouri mete yon ti dlo cho pou w ka benyen. M te bliye fè salad la, m pral kouri fè l tou. Epi pandan Didjo ap dòmi an, pou w gentan vini al plante sosis nan jaden m. Bèl, bèl bebe bèl. Wi, ti bebe. Kanpe pou kò l leve pou fè bèl cheri. En verite m pa konprann sa k ap pase a. Lè w te wè Fistibal te ale ak malèt rad li a, li te di nou se nan misyon gouvènman voye l la. Gon solda ki di m se pa vre non pitit. Sa k pi mal la ti chèf la di m, Fistibal pa dòmi nan kazèn nan ankò. Li di m se depi aprè yon bèl machann manba fin pale ak Fistibal, li di m li wè yo bèl. Depi lè Fistibal son sèl non l ap di Asosina. Maman, pi gwo yon lòt fanm bote papa m non? Sa gen mwa depi papa m pa ban m lajan pou m achte lèt pou bebe non? Epi dat Joel lage l pa janm vin wè m non. Bon m pa konn sa pou m fè nan ka sa. M ta mennen envestigasyon pou m konnen ki fanm fanm sa a ye. Yo di m depi nan demen li te tounen, aprè yo pa janm wè fanm konsa ankò. Mèsi anpil cheri, pou jan m te fatige la, m fin pran ti lasibab sa, tout fatig vole gagè. Pou jan w t ap ban m sosis sa ak raj la, ou pa bezwen di m. Men cheri m ap remake yon bagay pou dat, m pa vin nan jaden an, o mwen m panse l t ap pral difisil. M anik antre floup, epi pou jan m konn jaden w te gen zèb, e pase de twa grenn mwen. Se pa fot ou non, se mwen k fè sa mal. Se pou m te kite w sèch san anyen. Kounya w fin jwenn tou, w ap mande pou pwèl.