Hook
Men poukisa moun di lè w manje twòp noodles sa a, li pa bon pou ou. Moun yo toujou di sa k fè spaghetti sa yo pa bon pou ou, se paske fri yo fri yo. Men sa anpil moun pa konnen, 90% travay la se machin ki fè l, se pa moun ki fè l. E se li yo rele noodles lan. E tout sa w wè k ap pase la, se pa travay ki mete yo la. Sèl sa moun k ap travay yo fè, y al met pat la nan machin lan, se sèl sa yo fè. Epi kou yo met pat la nan machin lan, e machin lan koupe l tout piti la jan w ap gade l la, tankou ti spaghetti yo. E sa k pi chokan, si w ap gade jan machin lan fè l, tout noodles yo sanble. Se pa yon moun k ap fè l, se sa k fè w wè tout spaghetti sa yo yo gen menm longè, menm grosè. Machin sa a li kontwole tout bagay nèt. Kounye a, lè machin lan fini avèk spaghetti an, li cheche l byen cheche. Epi otomatikman machin lan koupe yo an won oubyen an kare, depann de kote w pral ye a, e ki manje w pral fè avèk yo. Menm ti sache epis ou wè a, ti lwil ki konn ladan yo a, e men se machin lan ki mete l sou tèt li. Sèl sa travayè yo fè, se jis chita la pou yo wè si g on erè, si machin lan kole, si gen youn ki pa pase byen. Se sèl sa yo fè. Si w te panse se yon moun ki te chita k ap fè l, e bon, w nan erè. Se pa di jèm sa vre, se machin lan, e men ki fè tout bagay. Se sa k fè tout, nou wè manje sa yo, yo pa koute anpil kòb, paske yo pa bezwen anpil moun nan faktori a pou fè yo. Se yon machin k ap fè tout bagay. Kounye a w konnen, èske w ap toujou manje yo?
More breakout videos from this creator.