Hook
Chak jou gen preske 1000 kòmyen poul ki pase nan faktori sa w ap gade la. Manje sa yo pral fè la, sa se youn nan manje ke tout jèn k ap viv Kore di Nò renmen anpil. Avan yo antre pou travay nan faktori sa w ap gade la, enben fò yo netwaye kò yo, fò yo mete yon lòt rad sou yo, fò yo mete bòt nan pye yo, fò tout bagay pwòp avan yo ka rive antre anndan. Apre sa, chak grenn poul ki antre nan faktori a, enben yo scan yo nan òdinatè a pou yo ka wè si poul sa a ap nòmal ou byen gen yon bagay ki pa bon ladan l. Apre sa yo mete tout poul yo koke nan chenn sa yo, oke, epi yo pral pase kote moun pral kòmanse netwaye yo, retire sak pa bon ladan yo. Apre sa yo spray yo ankò ak dlo pou yo ka byen netwaye. Apre sa yo lage chak grenn poul nan yon lòt machin ankò pou yo ka retire dlo sou kò yo avèk grès. Apre sa lè yo fini, yo mete l nan yon lòt machin ankò, machin sa li menm sa l pral fè l, l pral seleksyone selon gwosè yo, l ap voye sak piti yo yon kote, sak gwo yo yon kote. Apre sa yo pran poul sa yo ankò, yo pral pase yo nan yon machin kote yo pral koupe yo an moso pa moso. Jan w ap gade sou ekran la, enben moun k ap travay yo ka triye yo. Kounya la lè yo fin byen koupe yo, ti kal pa ti kal jan w pral gade sou ekran la, yo pral mete sezonman sou li. Lè yo fin vide epis la sou li ki se bagay wouj la, yo pral mete l nan yon lòt machin pou ka vire vyann yo konsa pou epis la ka byen antre ladan yo. Apre sa lè yo fin byen sezonnen jan w ap gade sou ekran la, yo retire yo nan machin lan, oke, epi yo pral separe yo, mete yo nan bwat epi fèmen. Epi yo voye yo nan mache konsa moun ka achte yo, tout sezonnen, sèl sa w gen pou fè san li, mete l sou chodyè kuit la. Kisa w ap panse de jan yo prepare vyann sa? E pa bliye, swiv paj mwen an pou plis videyo konsa.
More breakout videos from this creator.