Hook

Their other posts in the index, biggest breakout first.
KISA PWEN VÈT, ZORANJ AK BLE SOU IPHONE VLE DI? Si ou pa janm wè ti limyè vèt, zoranj, oubyen ble sou iPhone, ou pa konn sa yo vle di. Ebyen, video sa se pou ou. Si ou wè yon ti limyè vèt, sa vle di gen yon aplikasyon ki ka itilize kamera iPhone ou ansanm ak mikwofòn ou. Nan ka sa, li ka yon aplikasyon tankou FaceTime, Instagram, oubyen Snapchat. Si ou wè yon ti limyè zoranj, sa vle di gen yon aplikasyon ki ka itilize mikwofòn ou. Pa egzanp, lè ou ap rele oubyen ou ap voye yon voice note. Si ou wè yon ti limyè ble, sa vle di gen yon aplikasyon ki ap itilize lokasyon ou. Pa egzanp, Apple Map, Google Map, oubyen Waze lè ou ap navige. Si ou wè yon ti limyè wouj, sa vle di ou pa gen okenn aplikasyon ki gen aksè ak mikwofòn ou, men ou ka tande son. Sa vle di ou ka tande son men ou pa ka anrejistre li. Nan ka sa, ou ka ale nan Settings Privacy & Security. La, ou ka jwenn kontwòl ki aplikasyon ki gen aksè ak kamera, mikwofòn, oubyen lokasyon ou. Fè m konnen an kòmantè si ou te deja konn sa. Mèsi. Pa bliye follow paj ITPouPèpLa pou ou toujou rete updated sou tout nouvèl ki gen rapò ak teknoloji.