Hook

Their other posts in the index, biggest breakout first.
Lè w fin kreye yon kont TikTok, ou gen 100% chans pou w ka viral rapid, men se sou kondisyon. Bon, genyen bagay ou dwe fè pou w pa ta fè bak, men sa w ap fè? W ap mete m nan lavi w, w ap abone avè m, like, kòmante, mete videyo a nan favori pou pa pèdi l, epi share. Lè w fin fè sa, pran son pou w tande m, epi aplike tout sa m ap di w la. Premye sa m vle fè, m vle w konnen poukisa w vin sou TikTok. Mwen menm espesyalman m vin pou m fè lajan. Ou menm si w vini pou plezi, mwen menm avè w pa gen menm objektif. Ou mèt tou pase videyo a pa fin gade l. Premye sa w ap fè lè w fin kreye kont TikTok ou an, lage yon videyo rapid rapid, paske w gen anpil chans pou videyo sa a pase. Lè w fin kreye yon kont TikTok, byen analize algoritm lan fè, l ap bon pou ou. Si tout sa w fè, l ap bon pou ou. Apre dezyèm tan minimòm, ankò lage yon videyo. Sa m vle di, nan yon jou lage twa videyo. Yonn nan maten, yonn a midi, yonn a katrè nan lapremidi. E nan twa videyo sa yo, pa fè l diferan. Si w pale de yon bagay, fòk twa videyo sa yo pale de menm bagay la. Se jis pou algoritm lan konprann sa ke w vin fè sou TikTok lan. Egzanp si premye videyo a ou te lage, ou te montre kote w t ap fè manje, fòk lòt de yo montre kote w ap fè manje oubyen w ap pale de manje. Lè sa, analiz algoritm lan t ap fè sou kont ou an pandan jounen an, l ap gentan konprann kisa w ap fè. Lè sa l ap konnen ki tip de moun pou l ka voye videyo sa a bay lè l ap poste l. Dezyèm pwen, pou m fini, pa monotone. Sa m vle di, pa lage videyo tankou si w te pale de foutbòl, apre sa demen ou pale de manje. Ou t ap pale de levanjil, apre sa demen ou pale de Satan. Lè sa w vin mete algoritm lan nan tèt chaje. Li pa konnen kisa w ap regle vrèman, li pa ka konnen kote pou l pouse l, l ap pouse l pa bose l. Lè sa l vin rete videyo a nèt, li pa bouse l okenn kote. Denye bagay, lage twa videyo chak jou pandan twa mwa, san kanpe. E menm lè twa mwa rive, toujou lage videyo epi w ap vin ban m rezilta.