Hook
More breakout videos from this creator.
3 Bagay Moun Fè Japon Ke ou Pat Tap Janm Imajine. Premye bagay la, gen moun Japon ki gade rat, e yo trete yo menm jan ak timoun. Yo menm fè chèz pou yo, pou yo ka chita konsa pou yo ka manje. Anplis, ankò yo gon chèz pou machin, menm jan yo fè pou ti bebe yo. Yo mete l konsa, lè y ap fè vwayaj ki long. Yon lòt bagay Japon fè, se yon frijidè kote moun ka chita ladan l nan epòk chalè. Sa vle di si w ap travay e l fè twò cho, ou ka vin chita ladan l konsa pou w ka desann chalè. E pandan 5 minit, li desann tanperati kò w. Epi apre sa, market yo vann vyann ki pa glase, tout kwit, sezonnen, san w pa bezwen mete nan mikwo-ond, epi ou prè pou w manje. Jan w ap gade sou ekran an la, ou wè moun yo ap manje. Yon lòt bagay ankò, si w nan elevatè, ou byen nan asansè, ou peze move bouton, ou anik peze menm bouton an de fwa, epi l ap kite w chwazi sa w te vle chwazi. Lòt bagay ankò pou etidyan, yo gon paj wouj ou ka mete sou leson an, konsa l ap bouche repons lan, konsa w ka etidye pi byen. Lè w rale l, w ap wè repons lan parèt. Sa nou panse? Nan ki ane nou panse Japon ap viv?