Hook
More breakout videos from this creator.
Si w ap gade la, w ap gade yon soup tòti ak poul ajil, men an Chin se yon manje ki pi popilè. Pou kòmanse, Chinwa yo mete tòti ak poul nan dlo pou yo ka chode pou kèk minit. Sa ap ede retire vye sant ak lòt bagay. Apre sa, yo retire yo, yo mete yo nan dlo glase pou rense yo. Apre sa, yo pran vyann yo ankò, yo foubi yo ak bwòs sa w ap gade la a pou retire bagay ki pa bon ladan yo. Apre yo kite yo poze pou dlo ka soti ladan yo. Kounye a la, y ap netwaye po ajil yo, epi y ap tou mete epis ak lòt bagay andan yo, pa anba, pou ka ba l bon gou. Epi apre sa, yo pral foure poul la ladan l tou an kès ak tòti a tou. Epi si w ap gade la, yo fè sa pou chak po ajil, epi apre sa yo mete yon lòt bagay sou tèt li ankò pou ba l gou. Yo mete dlo, epi yo tou fè tèt la ak yon polèti jan w ap gade la a. Epi yo pase yon plastik sou li, konsa pou l ka byen toufe. Nou wè jan yo toufe l pou lè pa antre menm. Kounye a la, yo pral mete ajil sou li ankò. Tout kò po a pral kouvri ak ajil nèt. La a, pou l ka byen fèmen konsa pou l ka kenbe chalè a, tout pandan l ap kwit la. Apre sa, jan w ap gade la a, yo mete tout ansanm, epi yo mete chabon anba yo. Epi jan w ap gade la a, yo kite yo nan chanm sa a pou plizyè èdtan. Kounye a la, gade byen, swiv toujou pou yo ka konnen kijan l bon, e men si w ap gade nan tèt la, ou wè tèt la kòmanse fant, chalè a kòmanse kraze ajil la, epi si w ap gade, nou wè dlo k ap soti. Apre sa, jan w ap gade la a, wè tout moun vini, yo pran po ajil yo. Epi jan w ap gade la a, yo pral louvri l. Oke, nou wè yo louvri l, retire plastik la, tout bagay. Epi yo di l tèlman gen bon sant lè yo louvri l. Jan w pral wè la a, gade byen. Jan yo prepare l ak kantite tan l pran pou l kwit la. Manje sa a se youn nan senbòl tradisyon kachinwa yo. Kisa nou panse? Swiv mwen pou plis videyo konsa.