Hook
More breakout videos from this creator.
Si w gen iPhone, èske w janm remake pafwa senbòl Wi-Fi a disparèt epi ou wè de ti chèn ki konekte konsa? Sa vle di iPhone w konekte dirèkteman ak yon rezo Wi-Fi. Men, lè w wè senbòl ki sanble ak de ti chèn sa yo, sa vle di iPhone w konekte ak yon Personal Hotspot yon lòt aparèy. Pa egzanp, si w aktive Hotspot la epi w konekte telefòn pa w la sou liy sa a, ou ka wè senbòl de ti chèn sa yo. Men, lè w wè senbòl Wi-Fi normal la, sa vle di ou konekte dirèkteman sou Wi-Fi. Men lè w wè de ti chèn sa yo, sa vle di ou konekte ak yon Personal Hotspot. E gen anpil lòt ti senbòl ke Apple mete sou iPhone nou wè chak jou san nou pa konnen sa yo vle di. Si w vle m fè video sou tout senbòl ki ka parèt sou ekran iPhone, ekri “iPhone” nan komantè a. Epi follow paj IT pou pèp la paske n ap mete teknoloji an Kreyòl, pou tout moun!