Hook

Their other posts in the index, biggest breakout first.
Si ou son moun ki poko gen yon kont PayPal, e byen video sa a pou ou. Nan video sa a m pa montre w kijan pou kreye yon kont PayPal pandan menm ou an Ayiti, son w pap gen okenn pwoblèm ansanm avèk kont PayPal sa. W ap ka voye e w ap ka resevwa ansanm avèk kont PayPal sa. E menm si ou son moun ki gen yon kont PayPal deja, rete gade video a pou m montre w kijan pou w ka fè l. Si an ka premye kont lan ou te genyen an, si yon moun ki te kreye l pou ou, mwen menm depi m montre w li, w ap ka kreye pou tèt pa w, ou pap bezwen èd pèsonn ankò, nenpòt lè w vle w ap ka kreye yon kont PayPal. M ap tou fè nou fè yon remak guys. Si nou gade byen, n ap wè tout bon bagay yo, se mwen menm ki pote yo pou nou pou m aprann nou yo. Men m vin remake yon bagay de nos jours, nou pa repibliye video m yo, nou pa pataje yo ankò, nou pa like, nou pa fè kòmantè, nou pa mete yo nan favori. Tande byen video sa guys, pataje l pou plis moun kapab jwenn li. Kite men nou fè 2 segond sou ti flèch pataje a, n ap wè ti icône jwenn nan monte, n ap klike sou li rapid, n ap repibliye video a. Silvouplè guys, se konsa nou ka sipòte. Twòp pale anpil an nou pase sou ekran an pou m montre nou kreye yon kont PayPal pandan menm ou an Ayiti, san okenn pwoblèm. Let's go guys. Pou nou kòmanse, n ap chèche yon navigatè. Epi gade video a byen guys. Tout sa nou wè m fè nan video a, se li pou n fè. M konnen gen anpil nan nou ki pa gen bon sans nan nou, nou pral regle lòt afè nou. E byen sa m fè nan video a, se li pou n fè, pou nou ka gen yon bon kont PayPal ki pap ban nou okenn pwoblèm pandan menm nou an Ayiti, pandan menm nou an Sendomeng, nenpòt kote nou ye a. An ale guys. N ap klike sou Chrome, epi nou pral nan ba de rechèch la. N ap ekri paypal.com. Nou voye l ale. Lè nou rive la, n ap desann anba nèt. OK, fè sa m di fè a wi guys, pou n byen fè l. N ap desann anba nèt. Lè nou rive la, n ap wè yon ti drapo ameriken. N ap klike sou li. Epi lè nou rive la, n ap desann anba, nou pral nan espas Afrik la. N ap chwazi youn nan peyi afriken yo. Peyi mwen konseye nou pran, se Malawi. Fè sa m di an, pran la, fò nou fè atansyon. Chèche l la, n ap wè kote ki make Malawi. N ap klike sou li. Epi n ap rive la konsa. Se la nou pral kòmanse kreye kont lan. M ap tou di nou sa, youn nan rezon ki fè nou pran yon peyi afriken, se paske Ayiti pa elijib pou PayPal. Men pa enkyete w, menm si w an Ayiti, m pral ede w jere kont PayPal sa a alèz la guys. Swiv etap yo jan m fè l la, e konsa pou n fè l, pa fè koze nou sèlman, epi n ap bon. Kounye a la, nou pral klike sou sign up for free. N ap klike sou li, sou angletè ble a. Epi rapidman n ap wè de angletè ki monte. Nou pral chwazi youn. N ap chwazi business account. N ap retire l sou personal account, n ap mete l sou business account. Tande byen guys. Sa k fè nou pa pran personal, paske yo pral mande nou yon pakèt bagay, fòk nou ta nan yon peyi ki elijib avèk PayPal. Men la, nou nan yon peyi ki pa elijib, se yon mwayen n ap pase pou n kreye kont PayPal la, n ap pran business account guys. Lè nou fin klike sou business account, n ap klike sou kontinye. Lè nou rive la, yo mande nou pou nou mete yon pakèt enfòmasyon, non nou, Gmail, nimewo telefòn. Men pa mete fo non, pa mete surnon. N ap mete bon non nou, bon non nou ki nan ak de nesans nou, nan kat elektoral nou. Nòmalman, bon non nou, manman nou ak papa nou ban nou. Pa mete vye non. Epi nou pral mete yon imel ke nou gen aksè avèk li. Kisa m vle di? W ap mete yon imel la, w ap konnen modpas la, ou pap janm bliye imel sa, ou pap janm bliye modpas la. Se de kisa si telefòn ou pèdi, yo vòlè l, li kraze, ou gentan ka rekipere kont PayPal ou a, akòz de modpas la w konnen, akòz de Gmail la w konnen. Lè sa, enstale aplikasyon PayPal la, apre sa konekte avèk li rapid, w ap jwenn kont PayPal ou nòmalman. Kòm mwen menm, se yon kont PayPal m ap kreye, m pa bezwen l vrèman, men m jis ap montre nou jan pou nou kreye l, m gen kont PayPal deja. M ap mete yon non konsa konsa. N ap wè la m gentan mete yon non, pou prenon an mwen mete PayPal, e pou non an mwen mete Ayiti. Kòm son bagay konsa konsa m ap fè, jis pou m montre nou, men nou menm se bon non nou pou n mete. Kote pou nou mete nimewo telefòn lan, n ap klike bò kote nou wè drapo a, epi n ap chèche Ayiti nan lis sa la. Fè sa m ap fè a byen wi guys. Men nimewo w pral mete a, fòk ou mete yon nimewo ke w ap fonksyone avèk li. Yon nimewo ke w ou genyen menm, ou pap pèdi l, l ap toujou stil nan men w. Li pa pwoblèm menm si w mete yon nimewo Ayiti nan pati sa. M ap klike sou drapo Ayiti a, epi m pral rantre yon nimewo telefòn la. OK, mwen fin mete nimewo telefòn lan, la m ap mete yon imel. E sonje m te gen yon video m fè deja, m te kreye yon kont imel espesyalman pou sa, pou m montre nou kijan pou n kreye kont PayPal la, men mwen menm mwen pa bezwen kont PayPal sa, mwen pa bezwen imel m te kreye a tou. M pral chèche imel sa pou m vin mete nan espas sa la. Mwen fin mete imel la, si n gade n ap wè lòt rejou, se imel sa m te kreye, se li mwen mete. Kounye a la, nou pral kreye yon password, yon modpas, yon modpas nou pral kreye guys. Modpas sa, make show pou n pa janm bliye modpas sa. Si nou pa gen tèt pou n kenbe l, ale ekri l yon kote nan yon ti papye pou n toujou gen l, ou byen anrejistre l tankou son nimewo telefòn sou telefòn nou, pou n pa janm bliye modpas sa. OK guys. Mwen gentan fin mete yon modpas, epi n ap koche ti kare sa nou wè anba nèt la, li tou de wouj. M pa kwè nou menm n ap wè l wouj non, n ap klike sou ti kare a, an tout ka nou koche. Epi n ap fè agree and create account. M pa konnen, m pa pale angle, n ap klike anba, n ap tann li fin mache. Lè l rive la konsa, w ap klike sou ti kare a pou fè konnen ke ou pa yon robo. W ap wè yon modèl pou pran plizyè bagay ponpye, w ap klike paw paw paw, epi pou w fè verifye. Lè l rive la konsa, w ap klike kote ki make text you code. Gen yon kòd yo pral voye sou nimewo telefòn lan pou ou, pou verifye. Fòk nimewo sa, menm kote avè w, telefòn sa fò l li menm kote avè w pou resevwa kòd la, pou ka mete l. N ap klike sou text, n ap tann li. Kounye a la, nou pral sou telefòn sim lan ye a, pou n al resevwa kòd la yo voye sou li pou nou an. Kòd la gentan monte, n ap tande ti telefòn lan di ten ten, nou pral pran kòd la pou n rantre l. Kòd la se 059449. Epi n ap fè submit. Lè l rive la konsa, n ap wè kont PayPal lan gentan kreye. N ap wè Gmail mwen fè l sou li a, ki se Ayiti PayPal 6, e komèsyal, Gmail.com. Yo mande nou pou nou konekte ak kont PayPal nou sot kreye a kounye a. M ap mete modpas la. Log in. N ap wè guys, m gentan gen yon kont PayPal, ki nòmal, ki gentan OK, ki gentan byen prepare, la m kapab konekte l avèk kont TikTok mwen, pou TikTok voye l'ajan m banm sou kont PayPal mwen. Al jere sa guys, m pa fè video a twò long, m ap tou kanpe video a la yon fwa. Popo popo popo, m ale.