Hook

Their other posts in the index, biggest breakout first.
Gen de bagay ki aktive andan kont TikTok nou. Souvan se de bagay sa yo ki koz n ap fè 100 views, 200, 300 views. E majorite moun sou TikTok la yo aktive yo san yo pa rann kont. E byen nan videyo sa, m pral montre w kijan pou dezaktive premye a, e dezyèm lan m pral montre w kijan pou dezaktive l. Tout swit n ap pase sou ekran. Pou nou fè sa, nou pral ale sou pwofil nou jan nou wè m ye la. Kounya la n ap klike sou twa ti ba yo anlè a. Lè nou rive la n ap klike sou paramèt e konfidansyalite. N ap rive la konsa. Lè nou rive la konsa n ap desann anba, epi n ap klike sou kontwòl du piblik. Lè nou rive la n ap wè 18 an ak plis. N ap wè sa, koche. Gen nan nou, souvan se sa ki koche ki fè videyo nou ap fè 100 views, 200, 300 views paske piblikasyon nou yo limite. Kounya la nou menm depi nou wè sa aktive n ap dezaktive l. M fè back. Kounya la, nou pral chache sa ki make sekirite e otorizasyon, ki se dezyèm bagay. N ap klike sou li. Lè w rive la w ap chache sa ki make tès aparèy. W ap klike sou li. M ap klike. Epi l ap parèt konsa. N ap wè la yo dim gen de aparèy ki konekte. Premye a ki se iPhone 12, dezyèm lan ki se iPhone 12 ki konekte pa TikTok Studio. Kounya la ou menm sa w gen pou fè la, si kont ou an te konekte sou plizyè telefòn, w ap wè tout telefòn kont TikTok ou an konekte sou li, y ap parèt la. Kounya ou menm sa w gen pou fè, w ap just ale w ap klike sou ti poubèl la ou wè a. Mwen menm m ap klike sou ti poubèl sa, epi n ap wè li make "supprimer" epi w ap klike sou supprimer. Mwen efase l sou lòt telefòn li konekte sou li a. Men sa k fè m fè w dekonnekte kont ou an sou lòt telefòn li konekte w. Sa rete w pa fè views. Nou pral di kòman, men sa k pase. Lè kont ou an konekte sou plizyè telefòn, sa vle di vin gen plizyè travay k ap fèt sou kont ou an. Tankou, ou ka al pibliye yon videyo sou kont ou an la, apre sa sou lòt telefòn kont ou an konekte a, nan menm moun li ye a, li just ap gade yon lòt bagay tankou swa l ap gade videyo, oubyen l ap fè yo lòt bagay sou kont ou an. Vin soti, sèl kont TikTok ou an ap regle plizyè bagay e sou plizyè telefòn diferan. Sa vin pa bon. Algorithme lan gen kont ou an, chak bagay sa yo. Si tou ankò, chak ou konekte kont TikTok si yon telefòn, kote telefòn lan ye a, algorithme lan tout di w men ki kote kont TikTok ou an konekte. Si moun lan Ayiti, li tout di w. Anko si moun lan pa gen VPN, e ankò gen anpil nan nou ki pa konn kijan pou nou konekte, y ap di w kont ou an konekte Ayiti tèl lè tèl lè. Sa vle di li pa bon, se trè enpòtan, fò n fè atansyon ak sa. Si w pa wè m ankò, se paske w pa abòne avè m. Abòne avè m pou w kapab toujou jwenn nouvo videyo m gen pou m lage yo. Epi like videyo a, kite yon kòmantè si tout fwa w pa konprann yon bagay. Mete l nan favori si w pa memore yon bagay, m panse apre w ap ka gade videyo a pou kapab memore sa m te montre a. Epi pataje l pou plis moun kapab jwenn li, se sèl mwayen w kapab sipòte m, e sa ap ankouraje m pote plis videyo pou w toujou. Male.