Hook

Their other posts in the index, biggest breakout first.
Est-ce que nous te connais un petit parti ça en dans TikTok ? Si ou pa te konnen li, byen zanmi pa m, gade videyo a jiska lafen, m pral fè w konnen l. Anpil nan nou chak jou n ap lage videyo, men yo pa janm ka viral. Souvan se paske anpil nan nou pa konnen ki jan pou nou lage videyo sa yo. Nou lage yo vaye ke vaye, e majorite moun sou TikTok gen pwoblèm sa. Si n ap gade sou kont TikTok mwen an, n ap wè mwen viral. Mwen konnen jan pou m lage videyo, mete bon hashtag ak bon tit. Nan videyo sa m pral montre w ou menm ki jan pou w kapab fè sa. Si toutfwa se mal ou mal lage videyo yo ki fè w pa ka fè views. N ap pase sou ekran an toutswit pou montre w jan pou lage videyo kòm yon pro, menm jan mwen menm toujou konnen jan pou m lage videyo m pou yo fè views rapid. An ale. Oke, oke guys. Chak moun k ap lage videyo sou TikTok rankontre avèk entèfas sa. E se nan entèfas sa tou, moun yo toujou mal prepare bagay yo tankou non, hashtag, e sa fè anpil fwa videyo yo pa ka mache. La m pral montre nou ki jan pou nou lage yon videyo tankou pro. Nou lage videyo a an pwofesyonèl. Premye bagay nou dwe konnen, chak videyo pote yon non. Chak videyo gen yon hashtag. Se menm jan ou gen yon pitit depi l fèt fò w ba l non. Nou pa ka lage videyo san non. Nou bay anpil pwoblèm nan sans sa. Anpil nan nou fè erè sa. Se pi gwo erè majorite moun ap fè. Yo lage videyo a yo mete hashtag sèlman, yo pa mete okenn tit pou videyo a. Yo pa mete okenn non. Oke, premye sa n ap fè, n ap mete yon non, yon tit. Jan n ap gade la, m gentan mete yon tit: "Écoute ma nouvelle musique". Kounya la w pral mete hashtag. Premye hashtag ou sipoze mete, mete hashtag non kont TikTok ou an. Pa egzanp, mwen rele Plus Apprendre, m sipoze mete yon hashtag Plus Apprendre. Dezyèm hashtag ou sipoze mete, se yon hashtag mizik, paske videyo w ap lage a ap pale de mizik. Twazyèm hashtag ou ta sipoze mete, ou ka mete TikTok Haitian, ou ka mete viral, oubyen ou ka mete yon bagay k ap mennen nan moman an. Pa egzanp, nou ka mete "Go Live", paske anpil moun ap pale de "Go Live" nan moman an. Oke, pou m fini ti pati sa, gen anpil nan nou nou egare e pa sa yo nou wè m mete an, se yo nou pral mete lè n ap lage videyo pa nou an. Non, si w pral mete yon bagay ki gen rapò ak videyo pa w la, e konsa w pral fè "port" lan tou. Mwen menm m fè sa, se jis pou m ban nou yon egzanp. Kounya annou atake kote k make "Localisation". Depi w poko viral, pa mete "Localisation". Depi w Ayiti, pa mete "Localisation", menm si w te fè kont lan sou Lafrans. N ap sote kote ki make "Ajouter un lien". N ap tonbe kote ki make "Tout le monde peut voir cette publication". Klike sou li, met chòk pou n verifye, èske li sou "Tout le monde", èske l pa sou "Ami", èske l pa sou "Abonné", èske l pa sou "Toi uniquement". Mete l sou "Tout le monde" si nou wè l sou "Ami", si nou wè l sou "Abonné", si nou wè l sou "Toi uniquement". Kounya n ap klike kote nou wè ki make "Plus d'options". Lè nou rive la, si n ap otorize kòmantè, klike sou "Autoriser". Si n ap otorize le "réutilisation" du contenu pou yon moun kapab toujou pran kont nou an, li itilize l, ajoute l. Nou kapab pran lang franse, sitou pou moun ki fè kont yo sou Lafrans lan. "Divulguer" piblisite, la nou pral klike la. N ap tann li, entènèt mwen an pa twò oke. Oke, lè nou rive la, n ap klike sou premye a. N ap klike sou "votre marque" sèlman. Nou pap pran kote k make "contenu de marque" lan, nou n ap sote sa. Epi n ap klike "Autoriser" piblisite. N ap pran 365 jou, nou otorize l, epi nou fè "enregistrer". Nou fè "continuer". Kounya la, n ap klike sou sa ki make "vérification automatique" des droits d'auteur du son. Sa la li menm pou yo verifye èske son m mete nan videyo a pa gen dwa d'auteur sou li, s'il pa gen "copyright". W ap aktive l. Epi w ap ajoute sa k make "Autoriser les importations de haute qualité". Si videyo a manke kalite, yo mande w pou ogmante kalite a pandan menm w ap ekspòte videyo a. E m ap kanpe videyo a la guys, se konsa pou byen paramèt videyo. Apre sa, w ap annik klike sou "Publier", videyo a ap publiye an pwofesyonèl. Tandem, gadem, aplike tout sa m di w yo, e aplike yo jan m di w yo a. Abòne avè m, di m yon bagay nan kòmantè, se lè sa m pral konnen sa w vle ak sa w pa vle. Mete videyo a nan "favoris" si toutfwa w wè l itil ou, w ta renmen re-wè yon bagay ankò ou pa t byen konprann. Epi, repibliye videyo a pou plis moun kapab jwenn li. Pataje l, se te Plus Apprendre de chaîne. M pa rete, m ale.