Hook

Their other posts in the index, biggest breakout first.
Talè a m sot retire 100 dola sou TikTok. Pandan m ap retire l la epi m wè dlo soti nan zye m. Mwen m reyalize poukisa dlo soti nan zye m lan, se paske mwen wè gen moun ki sou TikTok la ki gen 1 an, 2 an, 3 an, 5 an ki pa janm fè menm 1 dola sou TikTok. Epi m ap gade mwen menm ki gen 4 mwa sou TikTok, mwa desanm lan k ap banm 5 mwa, m gentan fè bon ti kòb mwen. Lòt bagay m vin reyalize ankò, se moun yo ki koz yo pa ka fè kòb sou TikTok. Koz yo, non, ou koze abòne pou abòne, pase pran ti moun, m ap remèt, yo nan live abòne, y ap ekri, ann fè l anba kòmantè, lè sa, moun sa yo TikTok vin pa pouse videyo yo. Ou ap wè moun sa yo pa viral, epi pa gen kòb san ou pa viral. Sa vin fè kè m fè mal pou moun yo, otomatikman, dlo ap koule nan zye m. So, se trè enpòtan, si w bezwen fè kòb sou TikTok, ou bezwen viral. Gen 2 moun konsèy ou, banm di 3 moun. Premye moun lan ki se mwen menm, dezyèm moun lan ki se Wid509, twazyèm moun lan ki se Pascal Nèg Nwa. Ou wè 3 moun sa yo, yon moun depi w sou TikTok, m konseye w swiv yo. Men byen avan, anvan w swiv moun sa yo, menm konnen pou pa ale nan live abòne, paske sa pa p itil ou anyen. W ap wè w ap fè abòne pou abòne, videyo a ap fè 100 views, 200, 300 views, ou pa p ka fè views vrèman. Se la w pral pa ka fè kòb la. Si w wè m ankò konnen ou pa abòne avè m. Se sa k fè li miyò pou w abòne avè m pou w kapab toujou wè videyo m yo, epi y ap itil ou. M ale.