Hook
Ou konn kisa yo manje nan lekòl? Ebyen jodi a m ap montre w kijan yo prepare manje nan lekòl Kore. Gade kijan yo prepare prèske santèn manje pa jou pou timoun yo. E ou pral konprann poukisa. Premye manje a se pwason avèk tòtòsòs. Yo byen netwaye pwason an epi yo episel. Apre sa yo bat ze avèk farin konsa yo pral pase pwason an ladan l. Epi yo pase l nan pe krazè sa yo pou yo ka al fri l. Epi si w ap gade la l byen fri epi l sòti jòn konsa. Epi sou yon lòt bò gen moun k ap gaje zonyon, yo kraze ze avèk mayonèz avèk montad pou yo ka fè tòtòsòs la pou pwason an. Epi pwason sa avèk sòs la, ebyen si w ap gade la gen yon fèy yo bay li. Sa vle di timoun yo ap manje fèy avèk pwason. Dezyèm bagay la se soup yo fè avèk pwa. Yo mete joumou ladan l avèk lòt viv. Yo mete fèy tou ki byen netwaye epi yo koupe yon bagay ki rele tofu. Yo koupe yo piti epi gen yon vyann bèf tou, y ap byen sezonnen l jan w ap gade la. Epi yo pran ti sadin sa yo, yo mare yo nan yon twal pou ka bay soup la bon gou. Apre sa si w ap gade la yo pral mete tout bagay ansanm pou yo ka bouyi pou fè soup la. Yon soup byen cho epi ki gen anpil vitamin ladan l. Apre sa gen yon lòt bagay yo fè ki rele rice cake avèk ze, farin diri yo mikse l avèk sik epi pwa, lèt epi farin ble. Epi yo mete l nan basen. Apre sa yo gen pistach sa yo avèk grenn joumou, si w ap gade la. Yo byen lave yo epi seche yo, apre sa yo pral moulen yo nan bagay sa w ap gade la. Epi yo simaye l enben sou tèt rice cake la oubyen gato. Epi yo remete l nan fou a ankò pou l ka kwit pou yon 10 minit. Epi kou l fin pran bon koulè, ebyen si w ap gade la yo separe gato yo, moso pa moso. Apre sa gen yon salad yo fè avèk radis. Yo koupe l ti kal pa ti kal avèk pòm epi avèk pich. Epi yo sezonnen l avèk sèl, vinèg pou l ka gen bon gou. Ann gade yon twazyèm manje ankò yo fè pou timoun yo. Si w ap gade la yo pran pòm de tè. Yo lave pòm de tè yo, kale yo epi yo kòmanse bouyi yo. Epi lè pòm de tè yo fin byen kwit, ebyen yo lage sòy sòs sou yo. Epi yo pa l fè l avèk janbon, yo koupe janbon an ti kal pa ti kal. Yo mikse janbon an avèk bè, epi apre sa yo vide janbon an sou pòm de tè a. Epi pou desè son bagay yo fè avèk zoranj. Sa yo rele jelly an. Epi egzakteman a 11è nan maten, enben manje a sèvi pou tout timoun yo vin manje gratis. Epi jan w ap gade la wè tout timoun yo nan lign, ap pase pou yo pran manje. Kisa w panse ki fè manje yo diferan avèk Etazini?
More breakout videos from this creator.