Hook
Mezanmi Gadon koze. Chin ap fè yon solèy atifisyèl pou ka ranplase tout pouvwa enèji a pou tout tan. Envansyon sa li fèk pase Tesla paske li ka jenere enèji menm jan ak solèy la. Nan de machin sa a, gen yon chalè ki plis ke 100 milyon degre. Sa vle di li 6 fwa pi cho ke kò solèy nou. Men pwoblèm nan, yon bagay konsa ki cho sou tè a, ebyen tout sa k touche l ebyen l ap fonn. Ebyen sa Lachin fè, yo kreye yon pakèt gwo bout leman ki ka kenbe l anlè nèt pou l ap flote. E jan m di nou an, yo fèk teste l, e machin sa li peze plis ke 582 tòn. E kòm si w te mete 40 machin ansanm, tèlman lou, e yo fè l pou l mache pou plis ke 60 tan. Ki son gwo bagay, e machin sa yo rele l fizyon. E se youn nan enèji sous ki vrèman diferan paske li pa kreye polisyon, li pap janm di chaj, e enèji l jenere a ebyen l gratis. E an Frans gen 35 peyi ki gran tan mete ansanm pou yo fè menm kalite machin sa. Men Lachin deside fè pa l la pou kò l. Men gwo eleman Lachin genyen yo, 3 fwa pi gwo ke sa nèg yo genyen. Men nenpòt peyi la ki ta kreye machin sa anvan, ki te fizyon, ebyen y ap prè pou yo vann li ak tout moun ki vle achte. Kounya di m nan kòmantè, èske w ap fè nèg sa yo konfyans avèk yon solèy atifisyèl?
More breakout videos from this creator.