Hook
More breakout videos from this creator.
Ou pa ka telechaje sou iPhone e pwoblèm App Store pa ka telechaje okenn aplikasyon? Li ekri verification required ou swa payment declined. Men rezon ki fè sa. Sa rive sitou lè ou gen yon billing problem sou Apple ID ou. E men kèk rezon komen ki konn fè sa. Premye se kapab se kat bank ou yo ki expire ou swa ki pa gen lajan. Dezyèm nan, se kapab kat la refize tranzaksyon an. Twazyèm nan, se si ou gen subscription ki pa peye, tankou Apple One, Apple Music, ou alòt aplikasyon ki gratis yo. Katryèm nan, se si payment method ou pa valide. Lè sa rive, Apple ka anpeche w telechaje aplikasyon ki gratis yo jiskaske pwoblèm sa rezoud. Pou rezoud li, ale nan settings, peze sou non ou an, ale nan payment & shipping, mete yon kat ki mache ou swa korije information yo. Si ou gen subscription ki pa peye, peye l ou swa retire l si sa posib. Apre sa, rdemare iPhone ou e eseye telechaje aplikasyon an. Fè m konnen nan kòmantè si w te konn pwoblèm pou telechaje aplikasyon sou iPhone ou. Pa bliye follow paj Haiti pou pèp la pou toujou rete konekte epi jwenn atis ki jèn pou itilize teknoloji.